Ti nèg nwa

Mwen sé yon ti nèg nwa
Mwen fèt nan yon peyi kote zansèt mwen te goumen
Pou yo te ba nou libèté
Anpil nan nou pa konn li ak ekri
Pou otan, sa pa enpéché nou bouske ak lavi
Nou se yon bann fanm ak nèg vanyan
Ki kwe nan chanjman
Yon chanjman kote pitit nou ak pitit pitit nou
Ava gen yon lavi miyo

Nou pa sòt jan yo pense a
Sé pa fòt nou si jodi sila nou nan eta nou ye a
Nou te mété lespwa nou nan men yon bann sanzave
Yo fe dapiyanp sou nou
Yo lague nou tou touni
Tankou timoun ki san fanmi

Leu yap gade nou nan télévisyon
Yo griyen dan sou nou
Yo di mizè nou pap janm fini
Yo menm fè blag sou zansèt nou yo
Di pou ki rézon yo te ba nou libèté
Paske nou pa gen dwa janm rivé

Mwen se yon ti nèg nwa
Mwen konnen wout lan ap longue
Men mwen pap dekouraje
Paske fok sa chanje.

Written by Steffi Saint-Pierre


All Rights Reserved

Comments

SIM said…
like this messages keep it up

Popular Posts