Banm Pase

Lè tanbou frape,
Mwen pa rete kanpe.

Lè solèy leve,
Mwen pa rete kouche.

Lè lapli tonbe,
Mwen pa rete mouye.

Lè van vante,
Mwen pa rete penche.

Mwen se pitit zantray latè.
Rasin mwen solide.
Lèm vanse, mwen vanse ak fòs.

Yo ta vle wèm koubi anba pwoblèm lavi,
Men lafwa nan kèm potem sou do,
Poum bouske ak tout obstak ki sou pasaj mwen.

Banm pase
Kite m' fè chimen mwen.
Mwen paka rete bra kwaze.
Fòk travay la kontinue.

Steffi Saint-Pierre

All Rights Reserved

Comments

Popular Posts